Tuesday, January 3, 2017

Fakte striktirel nan sosyete yo

Strikti sosyete ya nan vi sosyal tel ke inegalite pesistant ki afekte gwoup yo osinon kominote  patikilye yo ki gen  yon ensidans sinyifikatif  enpak sou li osinon  ‘chans vi yo’ endividi ki nan sen gwoup sa a. Travay sosyal striktirel konn kritik pratik travay sosyal ak strateji yo ki konsantre twop sou endividi ya ak responsablite yo nan sitiyasyon yo, loske difikilte yo eksplikab an rezon de apatenans ak yon kominote osinon yon gwoup ki afekte pa fakte striktirel sosyete  ya. 

Sunday, November 20, 2016

Rediksyon domaj yo

Priyorite apwòch rediksyon domaj yo se pou redui efè negatif yo ki nan Konsomasyon dwòg yo sou eliminasyon Konsomasyon dwòg yo pou ede moun pou yo sispann Konsomasyon dwòg yo a. Aksan ki mete sou rediksyon domaj yo pito ke izaj dwòg yo, menm si apwòch rediksyon domaj yo konsève bi iltim pou  ede moun yo pa pran dwòg anko ( paske okenn konsomasyon dwòg abityèlman vle di pa gen domaj ki relye ak dwòg la) repons ki baze sou ide ke lè sa enposib ,priyorite se pou redui risk pou endividi ya ak sosyete ya.

Wednesday, October 5, 2016

Gouvènans

Sa ka petèt konsidere tankou sistèm prensip yo ak pratik yo pou garanti travay ki itil ak koperasyon ant divès òganizasyon ki ap suiv yon bi osinon yon ajanda komen. Sou modèl sa a, gouvènans lan ka mete mwayen li pou yon sistèm entè òganizasyonèl ak milti pwofesyonèl ki libere tout kreyativite ak potansyèl ke li genyen. Yon konpreyansyon altènatif soutni ke gouvènans lan se pa òganizasyon gouvènmantal tradisyonèl yo pou kontwole politik ak pratik ki nan nouvo sistèm yo, pi konplekse epi desantralize pou koperasyon ki ofri kounya travay sosyal ak lòt sèvis piblik yo.

Monday, September 19, 2016

Modèl endividyèl andikape yo

yon modèl ki dekoule de ide ke difikilte moun andikape yo ap rankontre se yon konsekans dirèk de defisyans yo. Solisyon ak sa rezide nan sèvis medikal ak  sosyal  yo kap ede moun sa yo ‘’ kenbe nan’’ sosyete ya.

Defans Mekanis

Yon tèm itilize nan teyori psikodinamik la pou dezinye pwosesis psikolojik ke endividi yo kenbe santiman valè pwòp yo ak pwoteje tèt yo kont santiman doulè yo. Defans mekanis yo enkli demanti, pwojeksyon, ideyalizasyon, deplasman, separasyon ak konpòtman agresif pasif.

Monday, September 5, 2016

Travay sosyal Radikal

Yon fom travay sosyal ki devlope an opozisyon ak dosye endividyel oryante psikolojikman ki te predomine nan epok (fin ane 1960 yo / komansman ane 1970 yo). Li te adopte yon apwoch pi politik epi eksplisitman li te chache pou chanje nati fondamantal sosyete ya plis ke afekte la vi endividi ki te izole yo. 

Friday, August 19, 2016

Otonomi

Kapasite endividi yo pou pran desizyon eklere konsènan vi yo.

Thursday, August 18, 2016

Milti disiplin

Yon tem ki itilize lòske reprezantan diferan disiplin yo ak òganis yo reyini, pa egzanp nan santé mantal oubyen ekip ki gen enkapasite pou yo aprann. Yon apwoch milti disipline te dwe  favorize travay entèpèsonèl, men li pap ka garanti li. Travay milti disipline ka petet we, pa egzanp, lòske reprezantan dives òganis kap travay ansanm yo;   sevis sosyal yo, santé, lojman, sektè endepandan, eks.

Saturday, July 2, 2016

Apwòch konyitiv konpòtemantal

Yon fason pou konprann ak pou travay avèk pwoblèm ki soti nan teyori konyitiv ak konpòtemantal la. 

Thursday, June 23, 2016

Rezilta

Yon pwodui vizib osinon pratik, efe oubyen rezilta. Rezilta final swete ak amelyorasyon previ apre yon peryod detèmine. Enpak, efe osinon konsekans yon entevansyon yon sevis patikilye. 

Monday, June 6, 2016

Bilan

Pwosesis pou Idantifye bezwen endividyèl ak fanmi yo epi pou pran desizyon sou fason pou entèvni. 

Wednesday, June 1, 2016

Pwofesyonalizasyon

 Pwosesis kote yon okipasyon chèchè pou li fe yo aksepte li tankou yon pwofesyon, pandan li ap etabli yon tit jiridik restren, fom etanda kalifikasyon yo ak pos kalifikasyon edikasyon o mwen o nivo etid siperye yo, yon asosyasyon pwofesyonel, etc. Nan travay sosyal la yo te kleman pa nan direksyon sa a o kou de denye ane yo, byen ke pwosesis la te egalmman istorik kontwovese.

Nevwoz

Difikilte santé mantal ki karakterize pa yon konfli psikolojik, anksyete, panik osinon konpotman obsesyonèl, men nòmalman nan mitan yon pèsonalite oubyen  yon sens de swa plis ke psikoz yo.

Tuesday, May 31, 2016

Respe

Se kapasite pou transmet  a yon moun ke yo inik epi yo presye.

Aksyon Sosyal

Yon tip pratik rekomande pa mouvman travay sosyal radikal, souvan asosye nan devlopman kominote ya. Li pataje karakteristik simile yo nan sa ke yo kolektivmanpito oryante endividyelman; tankou non li endike ya, li adopte yon atitid pi pozitif ak opozisyon pa rapo ak strikti de baz sosyete ya. 

Model andikap sosyal

Yon model ki we moun nan tankou dezaktive pa fason anviwonman fizik ak sosyal yo kreye obstak pou patisipe an tan ke manb ak pati antye de sosyete ya ak pwofite tout avantaj ke sa ka pote yo. 

Pedagog sosyal

 Sosyal pedagog opere nan yon zon pwovidans leta pou grandi responsablite pesonel ak manipilasyon oto depandant sikonstans odine la vi ya. Kom sipleman, yon pedagog sosyal chèchè minimize enpak tout fom diskriminasyon yo epi pwomouvwa Konpetans sosyal yo ki pemet moun yo pou pran pa nan sosyete ya. 

Sunday, May 29, 2016

Komèsyalizasyon


Pwosesis kote sevis piblik yo de plizanpli dispanse nan kontèks kondisyon konkiransyel mache ya, osinon ‘’ kazi mache yo’’. Relasyon ant mete an sevis epi founiti ki reflete strikti mache yo, ak egzijans of konkiransyel yo pou prestasyon sevis yo montre koman okenn òganizasyon pa konpletman sekirize pozisyon byenet li nan sen ekonomi lokal la. Yon sevis ki bay Jodi ya, demen ka petet pedi nan yon apel of avek suit pou atenn yon echek.

Saturday, May 28, 2016

Responsablite

Yon prensip resan, men kounya ki se desizyon santral nan la vi pwofesyonèl ak òganizasyonèl yo, Aksyon yo, ak pèfòmans endividi yo ak ekip yo ki konsidere ‘responsab’. Abityèlman, deskripsyon travay yon moun ki dekri nan pi wo komand òganizasyonèl ke yo responsab, men souvan responsablite sipoze an fenn kont pou repoze avèk jesyonè ki pi wo anndan òganizasyon an osinon ki nan pi wo komand politik la. San dout responsablite ya ranplase konsèp responsablite pwofesyonèl la, e ki gen pou itilize yon fason pito negatif lè bagay yo prale mal, e yon moun dwe ‘’rete responsab.’’

Wednesday, May 25, 2016

Pespektiv psikososyal yo

Pespektiv psikososyal yo nan travay sosyal ak disiplin koneks yo souliye enpòtans pou reyini mwayen sosyolojik ak psikolojik yo pou konprann moun yo, relasyon ak tandans sosyete ya. Teyorisyen psiko sosyal yo toujou ‘’ entedisipline’’ nan apwoch yo, pandan yap konbine souvan tradisyon panse ak rechech yon fason inabityel ak siprenant pou yo ka ouvri espas nouvo ak kreyatif yo pou refleksyon sou moun yo, ak solisyon pou pwoblem sosyal yo, pesonel ak pwoblem entèpèsonèl yo.