Monday, January 18, 2016

Kondisyonman Operan

Yon tem ki itilize nan entevansyon kognitiv  entevansyon konpotmantal pou dekri fason ke konpotman an modifye pa chanjman ki nan anviwonman an pou ke konpotman vini de plizanpli pwobab pou li vini.

Monday, January 11, 2016

Esansyalis

Yon fason pou panse ki redui faktè sosyal yo ak konplèks psikolojik yo avèk yon esans kache ki la pou eksplike fason moun yo ye. Pozisyon esansyalis yo gen tandans pou itilize de fason konsèvatris, pou yo ka afime ke yon  karakteristik de yon moun osinon yon gwoup ka o dela de chanjman paske li rezide nan esans yo. Teyori sosyal pwogresif, ak teyori travay sosyal la toujou ‘’ anti esansyalis’’. 

Sunday, January 10, 2016

Jou pwogram striktire yo

swit ak entwodiksyon de lwa sou NHS ak sevis kominote yo an 1993 ki te gen konsekans enpotan pou prestasyon swen nan etablisman pou moun kap itilize dwòg yo, gen anpil sevis ki te reyaji nan devlope pwogram jou striktire yo (SDPs) osinon (PJS). Yon apwoch olistik de reyadaptasyon te adopte, pwomosyon: Konpetans vi ak fomasyon pwofesyonel; sesyon sou konstriksyon ak restorasyon endepandans ak responsablite; epi ede pou kenbe lyen itilizatè dwòg yo avek fanmi yo ak rezo soutyen sosyal yo. Kek PJS te anplwaye egalman yon pwogram aktivite kontini  ki pemet kliyan endividyel yo pou negosye yon kalandriye personalize pou reyadaptasyon yo. Gen kek pwogram ki akeyi egalman itilizatè dwòg yo avek pwoblem aktyel itilizatè dwòg yo.

Monday, January 4, 2016

Klas odonans parental yo

 Te entwodui nan lwa sou krim ak dezòd 1998, odonans parantal yo ka fet a lega paran yo osinon timoun ki (a) mwens ke 10 epi sou yon odonans sekirite timoun yo; (b) ant 10 a 17 epi sou rezèv yon odonans konpotman antisosyal osinon yon od delenkan seksyèl; (c) koupab de yon enfraksyon kriminel. Yon odonans parantale ka egalman enpoze le yon moun echwe nan konfòme li a yon odonans eskole osinon yon elev enskri ki pa ka garanti yon prezans regilye nan lekol li. Efe yon odonans parental se ke paran an osinon tite ya ap gen pou konfòme li ak egzijans yo ki te bay pou yon maksimom 12 mwa epi ap kapab tou asiste a kou ebdomade yo pou sesyon konsey oubyen oryantasyon pou yon maksimom 3 mwa.

Pratik baze sou relasyon

 Yon apwoch ki asire relasyon pwofesyonel nan mitan tout entevansyon yo epi atansyon saa peye pou Rankont pwofesyonel yo ak dinamik entèpèsonèl yo.

Sistem jistis pou jen yo

Diferan òganis yo ak pwofesyonel yo ki kapab vinn enplike avek jen moun ki ofanse yo; pa egzanp, diferant tribunal yo, prison yo, Enstitisyon fotif jen yo, sant fomasyon sekirize yo, ak gwoup pwofesyonel yo tankou travayè sosyal yo, ajan pwobasyon yo, la polis, majistra yo ak jij yo.