Sunday, December 14, 2014

Apwoch sistem yo an antye

Yon pèspektiv sou entevansyon travay sosyal ak analiz sitiyasyon konplèks yo ki mete aksan sou nesesite pou pratisyen yan mentni aksan sou enteraksyon ant tout manb sistem yo ki konstitye sitiyasyon ka osinon sitiyasyon pwoblem nan. Itilizatè ki idantifye nan sevis la, fanmi elaji, swanyan yo, ak varyete sistem pwofesyonel yo ki kapab enplike tout sa pou pwodui yon sel sistem.

Monday, December 8, 2014

Jen delenkan

 An Angletè ak peyi Gal yo, yon jen moun ki konsidere tankou penalman responsab de aksyon yo a laj 10 pou rive anwo. Avek yon moman kote sevis yo an vèti de lejislasyon ak politik yo ki te etwatman alinye ant timoun yo ki nan bezwen epi jen kontrevenan yo, men okou de denye ane yo, lejislasyon an ak politik yo rann domen sa yo vreman diferan.

Friday, December 5, 2014

Atachman

yon lyen emosyonèl ki devlope ant yon timoun ak yon granmoun prefere (abityèlman yon paran ki gen responsablite pran swen li) ki dire o fil ditan, menm si wi ou non swanyan an pa ta la. Li distenge de konpòtman atache, ki se manifestasyon lyen saa ki eksteryè, sa vle di ‘ chache epi kenbe pwoksimite a yon lòt moun.

Thursday, November 6, 2014

Kolaborasyon

Tèm sa a refere ak pwosesis aktivite pou travay ansanm pou etabli yon patenarya ak pwosesis pou travay ansanm pou jwenn rezilta swete de patenarya a. Devlopman travay kolaboratif la ap gen pou antrene yon travay entèpèsonèl nesesèman etwat.

Tuesday, October 14, 2014

Pos modenis

Yon fom enfliyan  teyori sosyal, afime ke te gen chanjman pwofon nan òganizasyon sosyete ya tel ke la plipa ‘verite yo’ ki te karakterize vi nou pa aplikab anko. An tem travay sosyal sa mennen a yon remiz an koz de nati esansyèl ak bi okipasyon an, ak yon sans renouvle ak plizyè siyifikasyon yo ki ka petet atribye ak chak rankont, selon pèspektiv la.

Monday, October 6, 2014

Nevwoz

Difikilte santé mantal ki karakterize pa yon konfli psikolojik, anksyete, panik osinon konpotman obsesyonèl, men nòmalman nan mitan yon pèsonalite oubyen  yon sens de swa plis ke psikoz yo.

Saturday, October 4, 2014

Demans

Bès fonksyon pwogresif konyitiv la an rezon domaj yo osinon maladi nan sèvo a, o dela de sa ke nou ta ka atann de yon vyeyisman nòmal. Byen  ke li pa eksklizivman konsa, li se yon maladi ki etwatman lye a vyeyisman. 

Monday, September 29, 2014

Rechèch aksyon

Saa abityèlman konsidere tankou yon oryantasyon avèk ankèt pito ke strikteman yon metòd.  Li mete aksan sou kolaborasyon ant tout aktè yo ki enplike nan pwojè rechèch la (chèchè yo ak sa ki angaje yo nan tout fenomèn ki ankou pou egzamine yo) yon fason ke patisipan yo livre tèt yo a yon sèk aksyon ki suivi pa yon refleksyon kritik.  Ankèt koperatif se yon mwayen, ki pataje yon enterè komen pou devlope konpreyansyon yon fenomèn an patikilye, a travè li menm rechèch aksyon an ka efektye.

Monday, September 15, 2014

Evalyasyon swayan

Yon evalyasyon travayè sosyal pou swanye pwòp bezwen li yo, enpak pou yon swanyan, kapasite pou kontinye ak swen yo, sevis yo epi entèvansyon yo ki kapab pwodui rezilta ke yo dwe genyen.

Monday, September 8, 2014

Dediksyon analitik

Saa fe Referans a pwosesis rechèch syantifik ki sipoze ke rechèch la konsidere egzanp fenomèn yo ki ka eksplike (pa egzanp rezilta yon entèvansyon patikilye) epi devlope ipotèz eksplikatif ki kapab ansuit teste kont lòt egzanp yo. Pou komanse yon ipotèz jeneralman li pa vin pou reponn ak tout sa ki etidye yo e sa pral mennen swa avèk ipotèz ki amelyore jiskaske li fè adaptasyon li nan yo, osinon li abandone epi li devlope yon nouvo fòmil. 

Monday, August 25, 2014

Rejis pwoteksyon timoun

 (oparavan te konnen antan ke timoun abize/’ a risk’ anrejistre). Yon sistèm idantifikasyon nan chak kolektivite otorite lokal timoun sa yo ki te ofisyèlman anrejistre tankou ki te bezwen yon pwoteksyon kont move tretman yo epi pou sèvis ke yo te jwenn. An Angletè, rejis sa yo te egziste pou plis pase 30 lane epi yo te bay yon mezi anyèl de ensidans maltretans timoun yo, men kounya yo ranplase pa yon nouvo dosye elektwonik, sistèm nan entegre timoun, sou youn ou plizyè kategori fizik osinon vyolans psikolojik oubyen neglijans yo ka anrejistre. 

Tuesday, August 12, 2014

Patenarya

 Tem sa a deplwaye le de ou plizyè òganis mete an plas dispozisyon fomel ki pemet yo travay ansanm. Pa konsekan, yon patenarya se rezilta yon pwosesis de kolaborasyon, epi ki pap ka devlope san yon kolaborasyon etwat. Pou òganizasyon ki enplike yo nan travay entèpèsonèl la, devlopman yon patenarya petet yon fen desire. Sepandan, siksè travay entèpèsonèl la ka devlope san egzijans ako fomel patenarya yo, byen ke yo ankouraje a la fwa pa lejislasyon  ak politik.

Sunday, August 10, 2014

Psikoloji devlopman

 Domèn psikoloji ki konsene ak pwosesis chanjman kontini an, sa vle di, nenpòt chanjman kalitatif osinon kantitatif ki enplike modifikasyon yo nan strikti fonksyon an.

Tuesday, July 29, 2014

Pèyman dirèk yo

Baz esansyèl pèyman dirèk yo se ke lajan an bay dirèkteman a moun kap itilize sèvis yo, pandan yap pèmèt yo òganize pwòp sèvis yo pito ke pa entemedyè yon sèvis otorite lokal.

Monday, July 14, 2014

Maltretans timoun

Ak osinon konpòtman nuizib yo ke timoun yo ak/ osinon jèn yo, lòt ke aksidantèlman, yon moun ap bay anndan osinon andeyò kay la (sa vle di anndan fanmi an ak andeyò fanmi an). Kat kategori abi timoun yo (maltretans) aktyèlman ki itilize nan wayòm Ini se: vyolans fizik, vyolans psikolojik, abi seksyèl yo ak neglijans ak echèk devlopman non òganik tou.

Sunday, July 13, 2014

Baz evidans/evidans politik enfòme ak pratik

devlopman  ak miz an èv politik la ak pratik li yo fonde sou meye done disponib yo, I konpri sa ki chèche ak lòt sous tankou pwend vi itilizatè yo, pwofesyonèl yo ak lot pati prenant yo.

Saturday, July 12, 2014

Otorite Abilitant

An vèti politik swen kominote yo, otorite lokal yo te dwe kite pos prestasyon sevis yo kazi monopolistik pou aji tankou tankou abilite otorite yo, pandan yap stimile de plizanpli sektè endepandan pou bay sevis yo. Li aksepte ke etap sa a pemet pou garanti sevis ki pi sansib a bezwen moun yo epi founi yon fason ki pi konpetitif epi rantab.

Friday, July 11, 2014

Model swen etaje

Sevis pou itilizatè dwòg ak alkòl yo ki te oganize nan kat kategori swivan piblikasyon an, pa NTA, model swen 2002 mete a jou an 2006. Nivo 1 entevansyon yo te konprann founiti enfòmasyon yo ak konsey lye ak dwòg, depistaj ak egiyaj bo tretman medikamante espesyalize, epi yo founi nan kad paramet santé jeneral, kote pi gran aksan se pat tretman medikaman. Entevansyon nivo 2 genyen founiti enfòmasyon ki lye ak dwòg epi konsey, evalyasyon triyaj, rekou avek yon tretman medikaman striktire, bref entevansyon psikososyal, entevansyon rediksyon risk yo (I konpri echanj sereng yo) epi swivi. Entevansyon nivo 2 yo kapab livre separeman ak nivo 3 a, men souvan yo ka livre tou nan menm kad pa menm pesonel ke tankou entevansyon tye 3 yo. Entevansyon nivo 3 a genyen founiti pou evalyasyon medikaman spesyalize yo ak baz kominote ya epi kowòdone tretman ak spesyalis lyezon dwòg yo. Entevansyon nivo 3 a yo nomalman livre nan sevis tretman toksikomani spesyalize avek pwop lokal yo nan kominote ya osinon nan site lopital yo.  Lot livrezon kapab fet pa sansibilizasyon (travay peripatetisyen nan sevis jenerik osinon visit a domisil oubyen lakay). Entevansyon tye 4 genyen founiti yon tretman medikamante rezidansyel spesyalize, ki se swen planifye ak swen kowòdone yo pou asire kontinite swen ak swivi yo.

Thursday, July 10, 2014

Kod moral

Yon ansanm liy direktris fòmèl ki vize pou defini fason ke chèchè yo dwe konpòte yo nan konduit rechèch la, konfòmeman ak pratik ki etikman akseptab. 

Tuesday, July 1, 2014

Etid ka

yon etid ka jeneralman genyen yon sèl moun, fanmi osinon yon gwoup, oubyen evenman patikilye yo, oubyen òganizasyon spesifik konsidere sou yon peryòd de tan done. Li ka defini tankou yon fenomèn ki ka dekri epi analize, nan lòd pou ilistre eksperyans yo ak devlope prensip pou politik li yo ak/ osinon pratik. 

Thursday, June 12, 2014

Travayè Sosyal Apwouve

Anba tèm lwa sou Sante Mantal 1983, jijman ki apwouve yon travayè sosyal (ASW) nesesè avan yon moun ta ka oblije admèt nan lopital pou tretman. Yon fòm fòmasyon apre kalifikasyon an obligatwa avan travayè sosyal la ta ka ranpli wòl saa.

Saturday, June 7, 2014

Ekomap

Yon zouti ki te itilize avèk timoun yo pou ede yo idantifye epi konprann rezo relasyon yo.

Thursday, June 5, 2014

Saturday, May 31, 2014

fakilte sipèvizè

Fakilte manm ki sipèvize estaj yon elèv oswa yon pwojè rechèch.

Thursday, May 29, 2014

Direktè Pwogram BSW

Manm pèsonèl ki responsab pou administrasyon an nan Pwogram la BSW.

Thursday, May 15, 2014

bakteri

Jèm mikwòb ki bay maladi. Yo tèlman piti, nou pa ka wè yo si se pa nan mikwoskòp.

Wednesday, May 7, 2014

sosyete

An jeneral tem sosyete a referans a yon ti gwoup animal ptikilye avèk yon teritwa spesifik. An patikilye li refere a shema relasyon pami animal yo avèk teritwa defini sa a. Byolojis yo souvan referans a ensèk yo, twoupo bèt yo, epi animal sosyal yo tankou: makak, ak senj yo k’ap viv nan sosyete a.

Tuesday, May 6, 2014

evènman mezo

Entèraksyon ant moun ki nan anviwònman an imedya. Evènman mezo yo se tranzaksyon ant kliyan an ak moun ki nan anviwònman pwòch kliyan an. Men sa yo enkli konfli ak moun nan travay ak entè-aksyon ak zanmi epi ak lòt elèv nan klas kliyan an. Tou depan de ki jan entimite kliyan an ye ak fanmi li, entèraksyon ak manm fanmi oswa yon patnè romantik ta ka  evènman mikwo, evènman mezo oswa antre de oubyen nan mitan. Anjeneral, si yon kliyan pa gen yon relasyon pwòch ak manm fanmi li, mwen konsidere li nan evènman mezo. Men, si kliyan an marye epi l’ap viv ak madanm li nan enterasyon chak jou, pwoblèm entèraksyon yo ta dwe pi pwòch yon evènman mikwo.

Wednesday, April 30, 2014

abdomèn

Se rele "vant nou". Bout nan kò a kote lestomak, trip, fwa, ak pati repwodiksyon yo chita.

Tuesday, April 29, 2014

Monday, April 28, 2014

kilti materyèl

Sonje ke kilti materyèl la konpoze de pwodui fizik sosyete imen yo (zouti ki fèt an woch eks..) 

Sunday, April 20, 2014

ajan chanjman

Yon travayè sosyal k ap travay nan direksyon chanjman nan nivo mikwo, nivo mezo a oswa nivo macro nan pratik.

Tuesday, April 15, 2014

povrete absoli

Sa a se yon sitiyasyon kote yon moun pa gen ase revni oswa resous yo jwenn yon
nivo sibsistans nan fonksyone. Nan situtation sa a yon moun pa gen manje, abri, rad oswa dlo.

Monday, April 14, 2014

konpetans

Posesyon konesans, ladrès yo, ak valè ki nesesè pou pratik travay sosyal.

Sunday, April 13, 2014

kilti tradisyonèl yo

Nòm ak koutim òdinè yo plis konvansyon nan lavi chak jou moun yo rekonèt sou non kilti tradisyonèl.

Manb sosyete yo souvan konfòme yo fasilman ak nòm tradisyonèl yo, ki vin rann yo difisil pou yo konsyan ke nòm sa yo egziste. Nòm tradisyonèl sa yo, oubyen kritè etikèt sa yo tèlman fizyone nan sosyete yo, sa vin rann yo pa remakab; a mwen ke yo ta rive vyole yo.

Saturday, April 12, 2014

sitasyon

Dokiman ekri nan sous la nan kontni oswa quotes enkli nan yon devwa akademik yo. Sitasyon an yo ta dwe fè lè l sèvi avèk style la APA nan ekri ak kopi dokiman yo. Move sitasyon se yon pwoblèm grav.

Friday, April 11, 2014

nòm yo

règ yon soyete a pwopo de sa ki bon ak sa ki pa bon  ak lòt aspè ki se aspè kilti non materyèl. Nòm yo se règ ki pataje yo, oubyen lin de gid ki defini kòman moun yo dwe konpòte yo yo twouve yo nan yon sikonstans kèlkonk. Jeneralman, nòm yo konekte avèk valè yo, kwayans yo, ak ideyoloji sosyete a. 

Thursday, April 10, 2014

BSW

Inivèsite degre bakaloreya nan travay sosyal. Se degre nan BSW kòmanse apre yon moun fini lekòl segondè men anvan moun nan kòmanse degre mèt la.

Wednesday, April 9, 2014

APA dokiman

Style la nan ekri ak dokiman nan "Asosiyasyon Psikolojik Ameriken an". Ou oblije sèvi ak sa a style nan tout devwa nan ETS.

Tuesday, April 8, 2014

konseye akademik

Manm pèsonèl ki responsab pou satisfè ak chak elèv bay planifikasyon ak konsèy akademik yo.

abse

Ti boul ki leve sou po moun. Yo wouj. Yo fè mal.

Monday, April 7, 2014

kilti

Kilti se konsèp fondamantal ki gen ladann Antwopoloji. E.B. Tylor (1871), premye Antwopològ pwofesyonèl, te pwopoze yon definisyon pou kilti ki enkli tout eksperyans moun yo. "Kilti… se yon konplèks total ki gen tout sa nou pral di la ki enkli ladann, konesans, kwayans, ak, moral, dwa, koutim, ak tout yon seri lòt kapasite ak abitid ke yon moun kap viv nan yon sosyete kapab akeri." Antwopològ kontanporen yo pa’t mentni siyifikasyon kilti sa a. Moun yo te gen diferan langaj, kwayans, vale, mod manje yo, ak nom yo, oubyenkilti“ yo ki asosye avek plizye rejyon ki te varye menm jan a kounya. Kilti yo pa devlope de fason senp soti nan premye sivilizasyon yo jiska sivilizasyon modèn yo jan antwopològ 19em syèk yo te kwè a.

ensès

Se lè moun antre nan rapò seksyèl ak fanmi yo.

Sunday, April 6, 2014

kilti non materyèl yo

pwodui entanjib sosyete imen yo (valèkwayans, ak nòm yo)

evènman mikwo

Sa yo se moun, eksperyans pèsonèl kliyan an. Yon egzanp sou yon evènman mikwo-ta dwe maladi yon kliyan an. 

Saturday, April 5, 2014

ankiltirasyon

Ankiltirasyon se pwosesis de enteraksyon sosyal kote ke moun yo aprann e akeri pwòp kilti yo.

Friday, April 4, 2014

aprantisaj sosyal

Aprantisaj sosyal rive se lè yon òganism ap obsève yon repons yon lòt òganism bay fas a yon stimili, epi li ajoute repons sa a kòm yon trè nan konpòtman’l.

Thursday, April 3, 2014

Antwopoloji

Antwopoloji se yon syans sosyal, ki etidye limanite nan antye li yo. Tèm nan, nan sans literal li vle di, "etidye limanite", menm jan li se yon konbinezon de 2 mo grèk, ki se, antwopo ak logòsMalgre syans antropoloji a etidye tout sosyete imen atravè tan ak espas, li te konvansyonèlman aksepte asosye  antropoloji avèk etid sosyete yo ak pwoblèm tradisyonèl pèp ki pa nan zòn oksidantal la.