Priyorite apwòch rediksyon domaj yo se
pou redui efè negatif yo ki nan Konsomasyon dwòg yo sou eliminasyon Konsomasyon
dwòg yo pou ede moun pou yo sispann Konsomasyon dwòg yo a. Aksan ki mete sou
rediksyon domaj yo pito ke izaj dwòg yo, menm si apwòch rediksyon domaj yo konsève
bi iltim pou ede moun yo pa pran dwòg anko
( paske okenn konsomasyon dwòg abityèlman vle di pa gen domaj ki relye ak dwòg la)
repons ki baze sou ide ke lè sa enposib ,priyorite se pou redui risk pou
endividi ya ak sosyete ya.
Sunday, November 20, 2016
Wednesday, October 5, 2016
Gouvènans
Sa ka petèt
konsidere tankou sistèm prensip yo ak pratik yo pou garanti travay ki itil ak
koperasyon ant divès òganizasyon ki ap suiv yon bi osinon yon ajanda komen. Sou
modèl sa a, gouvènans lan ka mete mwayen li pou yon sistèm entè òganizasyonèl
ak milti pwofesyonèl ki libere tout kreyativite ak potansyèl ke li genyen. Yon
konpreyansyon altènatif soutni ke gouvènans lan se pa òganizasyon gouvènmantal
tradisyonèl yo pou kontwole politik ak pratik ki nan nouvo sistèm yo, pi
konplekse epi desantralize pou koperasyon ki ofri kounya travay sosyal ak lòt
sèvis piblik yo.
Monday, September 19, 2016
Modèl endividyèl andikape yo
yon modèl ki
dekoule de ide ke difikilte moun andikape yo ap rankontre se yon konsekans dirèk
de defisyans yo. Solisyon ak sa rezide nan sèvis medikal ak sosyal
yo kap ede moun sa yo ‘’ kenbe nan’’ sosyete ya.
Defans Mekanis
Yon tèm
itilize nan teyori psikodinamik la pou dezinye pwosesis psikolojik ke endividi
yo kenbe santiman valè pwòp yo ak pwoteje tèt yo kont santiman doulè yo. Defans
mekanis yo enkli demanti, pwojeksyon, ideyalizasyon, deplasman, separasyon ak
konpòtman agresif pasif.
Monday, September 5, 2016
Travay sosyal Radikal
Yon fom travay
sosyal ki devlope an opozisyon ak dosye endividyel oryante psikolojikman ki te
predomine nan epok (fin ane 1960 yo / komansman ane 1970 yo). Li te adopte yon apwoch pi politik epi eksplisitman
li te chache pou chanje nati fondamantal sosyete ya plis ke afekte la vi
endividi ki te izole yo.
Friday, August 19, 2016
Thursday, August 18, 2016
Milti disiplin
Yon tem ki itilize lòske reprezantan diferan disiplin yo ak òganis yo reyini, pa egzanp nan santé mantal oubyen ekip ki gen enkapasite pou yo aprann. Yon apwoch milti disipline te dwe favorize travay entèpèsonèl, men li pap ka garanti li. Travay milti disipline ka petet we, pa egzanp, lòske reprezantan dives òganis kap travay ansanm yo; sevis sosyal yo, santé, lojman, sektè endepandan, eks.
Saturday, July 2, 2016
Apwòch konyitiv konpòtemantal
Yon fason pou konprann ak pou travay avèk pwoblèm ki soti
nan teyori konyitiv ak konpòtemantal la.
Thursday, June 23, 2016
Rezilta
Yon pwodui
vizib osinon pratik, efe oubyen rezilta. Rezilta
final swete ak amelyorasyon previ apre yon peryod detèmine. Enpak, efe osinon
konsekans yon entevansyon yon sevis patikilye.
Monday, June 6, 2016
Bilan
Pwosesis pou Idantifye bezwen endividyèl ak fanmi yo epi pou pran
desizyon sou fason pou entèvni.
Wednesday, June 1, 2016
Pwofesyonalizasyon
Pwosesis kote
yon okipasyon chèchè pou li fe yo aksepte li tankou yon pwofesyon, pandan li ap
etabli yon tit jiridik restren, fom etanda kalifikasyon yo ak pos kalifikasyon
edikasyon o mwen o nivo etid siperye yo, yon asosyasyon pwofesyonel, etc. Nan
travay sosyal la yo te kleman pa nan direksyon sa a o kou de denye ane yo, byen
ke pwosesis la te egalmman istorik kontwovese.
Nevwoz
Difikilte santé mantal ki karakterize pa yon
konfli psikolojik, anksyete, panik osinon konpotman obsesyonèl, men nòmalman
nan mitan yon pèsonalite oubyen yon sens
de swa plis ke psikoz yo.
Tuesday, May 31, 2016
Aksyon Sosyal
Yon tip pratik rekomande pa mouvman travay sosyal radikal, souvan asosye nan
devlopman kominote ya. Li pataje
karakteristik simile yo nan sa ke yo kolektivmanpito oryante endividyelman;
tankou non li endike ya, li adopte yon atitid pi pozitif ak opozisyon pa rapo
ak strikti de baz sosyete ya.
Model andikap sosyal
Yon model ki we moun nan tankou dezaktive pa fason
anviwonman fizik ak sosyal yo kreye obstak pou patisipe an tan ke manb ak pati
antye de sosyete ya ak pwofite tout avantaj ke sa ka pote yo.
Pedagog sosyal
Sosyal
pedagog opere nan yon zon pwovidans leta pou grandi responsablite pesonel ak
manipilasyon oto depandant sikonstans odine la vi ya. Kom sipleman, yon pedagog
sosyal chèchè minimize enpak tout fom diskriminasyon yo epi pwomouvwa Konpetans
sosyal yo ki pemet moun yo pou pran pa nan sosyete ya.
Sunday, May 29, 2016
Komèsyalizasyon
Pwosesis kote sevis piblik yo de plizanpli dispanse nan kontèks kondisyon konkiransyel mache ya, osinon ‘’ kazi mache yo’’. Relasyon ant mete an sevis epi founiti ki reflete strikti mache yo, ak egzijans of konkiransyel yo pou prestasyon sevis yo montre koman okenn òganizasyon pa konpletman sekirize pozisyon byenet li nan sen ekonomi lokal la. Yon sevis ki bay Jodi ya, demen ka petet pedi nan yon apel of avek suit pou atenn yon echek.
Saturday, May 28, 2016
Responsablite
Yon
prensip resan, men kounya ki se desizyon santral nan la vi pwofesyonèl ak
òganizasyonèl yo, Aksyon yo, ak pèfòmans endividi yo ak ekip yo ki konsidere ‘responsab’.
Abityèlman, deskripsyon travay yon moun ki dekri nan pi wo komand òganizasyonèl
ke yo responsab, men souvan responsablite sipoze an fenn kont pou repoze avèk
jesyonè ki pi wo anndan òganizasyon an osinon ki nan pi wo komand politik la.
San dout responsablite ya ranplase konsèp responsablite pwofesyonèl la, e ki
gen pou itilize yon fason pito negatif lè bagay yo prale mal, e yon moun dwe
‘’rete responsab.’’
Wednesday, May 25, 2016
Pespektiv psikososyal yo
Pespektiv psikososyal yo nan travay sosyal ak disiplin koneks yo souliye
enpòtans pou reyini mwayen sosyolojik ak psikolojik yo pou konprann moun yo,
relasyon ak tandans sosyete ya. Teyorisyen psiko sosyal yo toujou ‘’
entedisipline’’ nan apwoch yo, pandan yap konbine souvan tradisyon panse ak
rechech yon fason inabityel ak siprenant pou yo ka ouvri espas nouvo ak
kreyatif yo pou refleksyon sou moun yo, ak solisyon pou pwoblem sosyal yo,
pesonel ak pwoblem entèpèsonèl yo.
Sunday, May 15, 2016
Ranfose
Yon tem ki itilize nan entevansyon konpotman konyitiv yo pou dekri bagay yo an reponse avek yon konpotman ki ka sevi pou ranfose konpotman epi pou rann pwobab ke li ka refet anko
Thursday, May 12, 2016
Rechech Kantitativ
Yon metòd rechech ki mete aksan sou mezi konsèp presedan yo epi ki itilize endikate yo ki pou aji tankou mezi ki kapab kanpe pou pwente kote konsèp soujasan yo. Metòd itilize jeneralman ki varyab yo ( atribi sou ki moun yo osinon bagay ki kapab distenge yo) Tankou mwayen pou mezire dimansyon sou kote moun yo difere osinon resanble ak yon lot nan bi pou Demontre relasyon kozal ki nan mitan varyab yo. (Pou konnen ki fakte ki enfliyanse konpotman an, atitid yo ak kwayans moun yo.)
Skizofrenojenik
Konsene avek
yon fakte (tankou yon paran fwad men dominan) ipotèz koz sa a relye a devlopman
skizofreni an.
Tuesday, May 10, 2016
Teyori sosyo kiltirel
Yon teyori devlopman ki mete aksan sou wol ki jwe pa
enteraksyon sosyal ak pratik kiltirèl yo sou devlopman konyitiv la.
Sunday, May 8, 2016
Nouvel jesyon piblik
Nouvel jesyon piblik la se yon ansanm disparate pratik nan ki transfomasyon
jesyon nan domaine piblik ki dwe transfòme a pati model administrative
biwokratik ki te domine nan nan ane 1980 yo (gade Hood, 1991).
Konstriksyon sosyal
timoun Fason ke yo we anfans yo fasone pa pèspektiv ak preyokipasyon sosyete patikilye yo nan kote moun yo ap viv yo.
Teyori sosyal
Yon mwayen pou eksplike nati sosyete ya ak apwoch konsekan pou reponn ak
pwoblem sosyal yo. Nan premye jou travay sosyal yo, a la fwa COS ak mouvman
regleman te gen yon teyori sosyal kle, ak diferan fom pratik yo, yo epouze
dirèkteman de sa.
Friday, May 6, 2016
Referans Jesyone
Aplikasyon enfomatik ki dezinye
pou kontni ak manipile detay Referans yo ak bibliyografi.
Jistis reparatris
Sa se mwayen
pou rann enterè santral viktim yo nan fason pou trete krim yo ak zafe yo, kote pwosesis
fomel jistis penal la, avek aksan sou yon pwosedi regilye, ke yo pa ka fe. Li
vize pou founi yon fowom si pou viktim yo kote yo kapab defini koman yo te
touché pa krim delenkan an, epi konfwonte delenkan sa a avek zafe aksyon li yo.
Pwosesis la tante pou bay ak viktim nan posiblite pou resevwa ekskiz yo osinon
tout lot fom reparasyon ki pi pesonel epi siyifikatif ke posib nan tribunal yo.
Nan menm tan an, delenkan an an mezi ou li apresye enpak zak li yo epi asime
responsablite li.viktim yo
Sunday, May 1, 2016
Itilizatè sevis
Tem nan aktyèlman
deplwaye pou moun yo ki itilize sevis sosyal yo, osinon ki admisib avek jan de
sevis sa yo.
Monday, April 25, 2016
Psikoz
Youn nan
kategori maje de difikilte santé mantal, nan ki genyen twoub fonksyonman nwayo
mantal yo – pesepsyon, sansasyon, refleksyon. Kondisyon psikotik yo souvan
kontre avek kondisyon newotik yo ak dezòd pesonalite yo.
Thursday, April 14, 2016
Kominikasyon non vebal
Tout fom kominikason ki pa repoze sou mo non vebal yo, pi kouraman
rele langaj koporel.
Monday, April 11, 2016
Tach ki santre sou pratik
Yon plan entevansyon a kout tem limite nan tan an nan
ki itilizatè sevis yo ak pratisyen yo dako sou pwoblem spesifik epi travay sou
li.
Sunday, April 10, 2016
Skizofreni
Yon dezòd
mantal ki ka enplike dives fonksyon konyitiv yo, emosyonèl ak konpotmantal yo,
tankou alisinasyon, twoub panse yo oubyen ilizyon. Literalman tem sa a vle di
‘divizyon nan lespri ‘.
Sunday, April 3, 2016
Rol
Yon model konpotman ki oryante
ve yon bi epi reyalize pa yon moun nan yon sitiyasyon sosyal patikilye oubyen
nan yon gwoup paske gwoup la ak endividi ya tap atann jan de konpotman sa a.
Sunday, March 13, 2016
Sevis de kout sejou
Se
yon sevis ki bay yon poz pou timoun ak granmoun ki andikape yo epi paran yo
osinon tite yo. Sevis sa yo kapab yon seyans de swen ant zanmi, pandan tout
nuit la epi li ka bay nan pwop kay pa moun nan osinon nan yon lot plas.
Monday, March 7, 2016
Lespri enkonsyan
Zon lespri saa ki pa konsyans an men ki aji tankou yon sot
de resevwa eksperyans yo, epi ki enplike nan desizyon nap pran, aktivite yo epi
chwa yo.
Monday, February 29, 2016
Difikilte nan enkapasite pou aprann
Moun ki gen difikilte a koz de yon defisyans entèlektyèl ( ansyènman te rele
andikap mantal, ki kounya konsidere tankou yon etikèt pejoratif)
Monday, February 22, 2016
Devlopman nomativ ou tipik
Chanjman jeneral ak reoganizasyon yo ki pratikman nan
konpotman tout timoun a mezi yo ap grandi.
Monday, February 15, 2016
Transfè
Kapasite eksperyans pase yo
de relasyon enpotan yo pou transfere nan relasyon aktyèl yo avek lot moun. Yon
konsèp psikodinamik ki refere a pwosesis nan ki yon moun transfere santiman yo
ak imaj pwop vi entèn yo sou yon lot moun, alò ke yo trete tankou si yo te
‘’figi saa’’ de pwop vi mantal entèn yo.
Sunday, February 14, 2016
Pwoje ka inik yo
Yon fom rechech kalitatif ki vize pou idantifye
karakteristik esansyèl yo nan yon ka patikilye pa yon egzamen minisye epi pa
konpreyansyon sa yo, pou rekeyi done yo ki kapab ansuit teste avek lot ka, yon
fason pou konstui yon imaj pou pwosesis ak rezilta yo.
Tuesday, February 9, 2016
Revi litere
se yon
konpilasyon ki rezime egzistans literati a (tankou etid rechech yo, dokiman
gouvènmantal yo, eks.) pou yo ka bay yon sot de “eta ar” vi sou sije patikilye,
swa li bay yon evalyasyon de sa ki konnen kesyon a trave yon deskripsyon ak yon
analiz de literati aktyèl la.
Inivesalis
Prensip selon ki sevis yo dwe aksesib avek tout moun. NHS
la te etabli sou prensip inivesalis yo, alos ke sevis sosyal yo an Grann Bretay
te toujou selektif.
Monday, February 8, 2016
Teknik konesans rasyonel
Ki absoli epi objektif nan nati ya, epi
eksplikab nan tem relasyon koz avek efe.
Sunday, February 7, 2016
Itilizatè sevis osinon rechech konsomatè yo
Ki rasanble pwend vi sevis
itilizatè yo epi ki fet pou founi enfòmasyon sou bezwen endividi yo ak kominote
yo epi reyaji sou fason ke yon sevis osinon yon entevansyon benefisye yo te
eksperimante.
Monday, February 1, 2016
Teyori lespri
yon
konpreyansyon, ki komanse devlope yon fason ridimante ant de osinon twa zan, ke
lot yo we epi resanti mond lan diferaman.
Monday, January 18, 2016
Kondisyonman Operan
Yon tem ki itilize nan entevansyon kognitiv entevansyon konpotmantal pou dekri fason ke
konpotman an modifye pa chanjman ki nan anviwonman an pou ke konpotman vini de
plizanpli pwobab pou li vini.
Monday, January 11, 2016
Esansyalis
Yon fason pou panse ki redui faktè
sosyal yo ak konplèks psikolojik yo avèk yon esans kache ki la pou eksplike
fason moun yo ye. Pozisyon esansyalis yo gen tandans pou itilize de fason konsèvatris,
pou yo ka afime ke yon karakteristik de
yon moun osinon yon gwoup ka o dela de chanjman paske li rezide nan esans yo.
Teyori sosyal pwogresif, ak teyori travay sosyal la toujou ‘’ anti
esansyalis’’.
Sunday, January 10, 2016
Jou pwogram striktire yo
swit ak entwodiksyon de lwa sou NHS ak sevis kominote yo an
1993 ki te gen konsekans enpotan pou prestasyon swen nan etablisman pou moun
kap itilize dwòg yo, gen anpil sevis ki te reyaji nan devlope pwogram jou
striktire yo (SDPs) osinon (PJS). Yon apwoch olistik de reyadaptasyon te
adopte, pwomosyon: Konpetans vi ak fomasyon pwofesyonel; sesyon sou
konstriksyon ak restorasyon endepandans ak responsablite; epi ede pou kenbe
lyen itilizatè dwòg yo avek fanmi yo ak rezo soutyen sosyal yo. Kek PJS te
anplwaye egalman yon pwogram aktivite kontini
ki pemet kliyan endividyel yo pou negosye yon kalandriye personalize pou
reyadaptasyon yo. Gen kek pwogram ki akeyi egalman itilizatè dwòg yo avek pwoblem
aktyel itilizatè dwòg yo.
Monday, January 4, 2016
Klas odonans parental yo
Te entwodui nan lwa sou krim ak dezòd 1998, odonans parantal
yo ka fet a lega paran yo osinon timoun ki (a) mwens ke 10 epi sou yon odonans
sekirite timoun yo; (b) ant 10 a 17 epi sou rezèv yon odonans konpotman
antisosyal osinon yon od delenkan seksyèl; (c) koupab de yon enfraksyon
kriminel. Yon odonans parantale ka egalman enpoze le yon moun echwe nan konfòme
li a yon odonans eskole osinon yon elev enskri ki pa ka garanti yon prezans
regilye nan lekol li. Efe yon odonans parental se ke paran an osinon tite ya ap
gen pou konfòme li ak egzijans yo ki te bay pou yon maksimom 12 mwa epi ap
kapab tou asiste a kou ebdomade yo pou sesyon konsey oubyen oryantasyon pou yon
maksimom 3 mwa.
Pratik baze sou relasyon
Yon apwoch ki asire relasyon pwofesyonel nan
mitan tout entevansyon yo epi atansyon saa peye pou Rankont pwofesyonel yo ak
dinamik entèpèsonèl yo.
Sistem jistis pou jen yo
Diferan
òganis yo ak pwofesyonel yo ki kapab vinn enplike avek jen moun ki ofanse yo;
pa egzanp, diferant tribunal yo, prison yo, Enstitisyon fotif jen yo, sant
fomasyon sekirize yo, ak gwoup pwofesyonel yo tankou travayè sosyal yo, ajan
pwobasyon yo, la polis, majistra yo ak jij yo.
Subscribe to:
Posts (Atom)