Monday, December 28, 2015

Spesyalizasyon

Prensip selon ki travayè sosyal yo te dwe spesyalize nan yon sel domen aktivite pito ke devni ekspe nan yon gam laj. Gen gradasyon spesyalizasyon; pa egzanp, nan domen spesyalizasyon timoun yon pratisyen travay sosyal kapab spesyalize li davantaj nan adopsyon ak pwomosyon osinon pwoteksyon timoun.

Wednesday, December 23, 2015

Parafrazan

Pote yon repons a yon moun yon fason ke li refòmile a orate ya de sa ke li te di nan yon fason pi senp e ki pi kout.

Monday, December 21, 2015

Pratik Reflektif

Kapasite pou puize nan yon laj evantay konesans, soti nan de sous fomel ak enfòmel yo pou enfòme pratik pwofesyonel la.

Refleksivite

Jeneralman asosye ak pratik rechech, refleksivite refere ak kapasite pou kritike pwop refleksyon ou epi pou idantifye prejije pesonel yo ki enfliyanse pwosesis rechech la.

Milti òganis

Tem sa a dekri enplikasyon de osinon plizyè òganis nan travay la ki pote sou byenet itilizatè sevis yo. Tankou tem nan endike li, plizyè ajans travay konsantre yo sou travay òganizasyon yo pito ke sou pratik travayè endividyel yo.

Sunday, December 13, 2015

Rechech Kalitatif

 Se yon metòd rechech ki mete aksan sou siyifikasyon ak eksperyans yo,  kote rechech la tante pou konprann la vi moun yo pandan etid la, konpotman yo, vale yo, kwayans yo, eks., nan pwend vi moun yo, yo menm. Nan reg jeneral la, apwoch ankèt la relativman yon ti kras striktire yon fason pou rechech la pi siseptib pou revele siyifikasyon eksperyans yo ak pito pou endividyel yo revele siyifikasyon ak eksperyans yo olye pou yo ta enpoze pèspektiv rechech yo. Tip done rekeyi yo: entretyen semi striktire, anrejistreman obsevasyon yo, gwoup diskisyon yo ak viyet ilistrasyon yo.

Ekip jen fotif yo

 Yon ekip miltidisiplinè ki genyen jeneralman travayè sosyal yo, ajan pwobasyon yo, travayè koneksyon yo, la polis, ak petet konseye nan santé mantal yo, pesonel edikatif, ak asistan pwofesyonel yo. Gouvenman egzije ke ekip sa yo gen responsablite direk de direkte jeneral otorite lokal nan rejyon kote yo rete ya, menm si yo jere souvan pa yon moun nan mitan ekivalan depatman sevis sosyal yo. Premye devwa ekip sa yo se pou prevni delenkans lan, epi yo responsab sevis tribunal yo, Jen yo sou lod tribunal la, ak jen an gad a vi yo, menm jan tou ak travayè prevansyon pou jen yo ki soumet pa egzanp pou enklizyon ak soutyen pwogram jenes la. 

Modenis

konpreyansyon sosyete tankou li te karakterize pa kwayans nan yon sèl verite objektif epi syantifik, eklere pa kad teyorik yo ak gran echèl.

Tuesday, December 8, 2015

Viyet

Yon istwa bref istwa ki ilistre yon eksperyans osinon yon evenman (pa egzanp, chatiman yon paran a yon timoun dezobeyisan) kote repondan yo ansuit envite pou diskite epi Reflechi sou sa. Se yon mwayen ki pou ede jwenn ransèyman pi koyeran sou santiman osinon atitid repondan yo, oubyen ede yo pou eksplore kek bagay ki te kapab difisil pou yo anvizaje spontane osinon pou diskite si yo te mande pou yo raple yo yon eksperyans pesonel. 

Monday, December 7, 2015

Ekonomi pwoteksyon miks

An vèti politik swen santé kominote yo, yon ekonomi miks sou byenet prezime pou reprezante konbinezon sevis piblik yo, sevis prive ak sevis ki bay pa òganis san bi likratif yo. Se varyete tip finansman sa yo ki rann yon ‘’ ekonomi miks’’.

Monday, November 16, 2015

Done yo

Sa yo se matyè premyè, ki vle di enfòmasyon, ki te rekeyi epi ki te ka stoke ak analize pandan youn ou plizyè teknik itilize, pou pwodui rannman osinon rezilta rechèch yo.

Sunday, November 15, 2015

Entevansyon prekòs

Yon prensip kounya ki lajman enfòme prestasyon sèvis sante ak swen sosyal ki souliye enpòtans pou entèvni pozitivman a yon stad prekòs nan pwen devlopman sosyal, Psikolojik, entèpèsonèl, osinon difikilte sosyal yo. Sèvis entèvansyon prekòs yo an matyè de sante mantal gran moun yo te genyen yon aksan patikilye nan devlopman resan politik la. Entevansyon prekòs la nan yon mezi sèten, ranplase konsèp ‘’prevansyon an’’.

Wednesday, November 11, 2015

Kesyon ouve

Poze kesyon yon fason kika pemet moun kap reponn nan pou li deside de sa ke li dwe enkli nan repons yo pa egzanp ‘koman ou ye?’pa opozisyon avek kesyon feme ya ki ka mande ‘ou byen?’.

Monday, November 9, 2015

Randomize rechech eseye

Nan ki sije yo repati o aza ant gwoup tretman yo ak konparezon.

Angwas sosyal

 Eta kolektif anksyete yo o sije tandans osinon evenman sosyal yo. Angwas kapab ‘’baze sou reyalite’’ osinon siyifikativman anrasine nan fantas kolektif yo. Rechech sou to kriminalite nan kominote ya montre souvan ke nivo reyel kriminalite epi krent yo o sije krim yo konpatib ant yo. Konsa, angwas sosyal yo kapab kondui oubyen fasone elaborasyon politik yo nan yon afe ki pi irasyonel ke rasyonel.

Apwoch byenet: Jen delenkan yo

Strateji evalyasyon ak entevansyon ki dezinye pou reponn a jen delenkan ki te komet krim yo, derive nan yon mezi laj de apwoch psikodinamik ak sistem fanmi ki baze sou apwoch. Gen dives fomilasyon apwoch pwoteksyon sosyal, I konpri tan yo, yon konsantrasyon sou sa ki te we (epi gen kek ki toujou konsa) defisi ki sipoze nan sosyalizasyon timoun de paran yo. Jan de rega sa yo te kondi avek strateji entevansyon yo ki te konsilte paj tretman anndan epi deyò fanmi yan pou remedye ak defisi idantifye sa yo. Apwoch sa a souvan estime ke entevansyon y te dwe pwodui an deyò sistem jidisye ya, pa egzanp pandan yap mete an gad jen yo, tretman rezidansyel, eks.

Thursday, November 5, 2015

Jesyon Swen

Yon fòm pratik, popilarize nan politik swen kominotè yo, kote echèl sèvis yo ki bay a yon moun yo jere pa yon moun, ‘jesyonè swen’. Anpil jesyonè swen yo ki se travayè sosyal kalifye, kwa ke gen deba sou anplè jesyon swen ki se kontinyasyon travay sosyal la. 

Wednesday, November 4, 2015

Psiko sosyal

Entefas ant inive psikolojik entèn de yon endividi ak monde sosyal eksten yo.

Monday, November 2, 2015

Psikolojizasyon

Etwatman asosye ak kritik ‘’ stiktirel’’ yo ak pèspektiv nan travay sosyal, psikolojizasyon an se rediksyon eksplikasyon sosyal yo, politik yo osinon psiko sosyal konplèks yo pou difikilte moun yo ak fakte ki sitiye an totalite nan psikoloji endividyel osinon fonksyonman mantal.

Wednesday, October 28, 2015

Pratik Anti-diskriminatwa / Pratik Anti-opresif

Prensip santral enpòtan nan travay sosyal modèn yo ki mete aksan sou nesesite pou angaje avek itilizatè sèvis yo sou baz pozisyon yo nan pouvwa dinamik pèsonèl ak politik ki ka defavorize, majinalize osinon oprime, andikap, ak idantite seksyèl pa rapò ak atitid yo ak konpòtman tradisyonèl yo nan sosyete ya, yo tout apwopriye pou ADP osinon AOP. Travay terapetik osinon ki baze sou relasyon ak pratik anti- diskriminatwa yo te dwe konsidere tankou konplemantè men pafwa pèspektiv sa yo nan travay sosyal yo konn vini an tansyon. 

Wednesday, October 21, 2015

Okipe timoun yo

Timoun ki pa ka rete pou plizyè rezon an tout sekirite lakay yo, yo plase yo swa sou yon baz volonte (‘’ebèje’’) osinon baz legal, nan swen otorite lokal yo. Timoun sa yo ka dekri divèsman tankou plase ‘’ nan swen yo ‘osinon swen an ‘’deyò de kay yo’’.

Tuesday, October 13, 2015

Rezilta (pou swanyan yo)

chanjman yo osinon avantaj pou swanyan yo ak fanmi reziltan yo de travay sosyal oubyen lot entevansyon osinon sevis.

Monday, October 12, 2015

(Timoun ak gran moun andikape) vivan endepandan

Reflete prensip ke moun andikape yo gen kontwol ak chwa pou pwòp vi yo e yo an mezi pou yo jwi menm dwa sivil ke moun ki pa andikape yo genyen.

Psikoloji Konyitiv

Yon apwòch ki mete aksan entèn, sou pwosesis mantal yo tankou panse, reprezantasyon mantal, langaj, rezonman eks.  

Wednesday, September 30, 2015

Ed enfòmel familyal

Moun yo kap bay swen, soutyen osinon siveyans, sou yon baz non peye, avek paran osinon zanmi yo ki bezwen èd a koz laj yo, andikape oubyen yon maladi fizik osinon aprantisaj, i konpri maladi mantal osinon toksikomani.

Sunday, September 13, 2015

Rezotaj

Yon apwoch pou entevansyon, ki soti de panse sistemik yo ki we ansanm sistem nan (itilizatè sevis yo, swanyan yo, pwofesyonel yo ak kominote ya) potansyèlman ke sistem ka pou pou ta travay avek li.

Thursday, September 10, 2015

Apwòch jistis yo

Apwòch jistis yo kontrèman ak Apwòch èd sosyal yo, apwòch jistis yo enkli pwend vi ke jèn yo te dwe soumèt avèk pwosedi jidisye fòmèl yo, kote dwa yo devan la lwa ta ka kenbe, men li ka tou kondui avèk rezilta sou baz pinisyon. 

Monday, September 7, 2015

Teyori aprantisaj

Yon teyori devlopman ki mete aksan sou wol aprantisaj la, I konpri modlaj ak repons kondisyone avek motivasyon yo, nan devlopman an.

Jen swanyan

Timoun ak adolesan mwens ke 18 tan ki ap bay swen yo, ed osinon bay soutyen a yon lot manb fanmi. Yo reyalize, souvan sou yon baz regilye, tach ki enpotan osinon swen ki enpotan epi yo asime yon nivo responsablite ki te ka abityèlman asosye avek yon gran moun.

Saturday, September 5, 2015

Komite sovgad timoun lokal yo

ke administrasyon lokal sevis timoun yo genyen pa la lwa pou etabli, avek responsablite pou kowòdone travay òganis kle yo pa rapo ak pwoteksyon timoun yo.

Tuesday, September 1, 2015

Travay dirèk

Yon fason pou travay avèk timoun yo ki enplike anpil sesyon fas a fas epi itilize aktivite yo ak egzèsis ki akse sou jwèt la pou ede yon timoun eksplore epi konprann/ sikonstans

Sunday, August 9, 2015

Rapo avan santans

 Rapo prepare pa ekip jen delenkan yo pou founi enfòmasyon de baz yo sou jen moun nan, epi sitou, sou atitid yo a lega de enfraksyon an, ak efe yo sou viktim yo, a la fen kote rapo ote ya ki fe sijesyon yo pou komand yo posib ka rann pa tribunal la.

Wednesday, July 15, 2015

Pisans

nan travay sosyal la, konsene an patikilye inegalite pouvwa yo, an patikilye kapasite limite itilizatè sevis yo pou pran desizyon yo konsènan pwop vi yo, kontrèman ak gran kapasite lot yo - travayè sosyal yo spesifikman - pou pran jan de desizyon sa yo.

Thursday, July 9, 2015

Anpati

Kapasite pou konprann kòman yon lòt moun santi li; pou ou ka an mezi  ‘’pou ou kanpe nan soulye yon lòt moun’’.

Sunday, July 5, 2015

Swen enfòmel

Swen sa yo pesonèlman dirije epi bay gratis an vèti relasyon ki baze sou lanmou, Atachman, obligasyon fanmi an, devwa osinon amitye.

Sunday, June 28, 2015

Bòn devlopmantal

konpotman enpotan yo ki itilize pou make, epi sinyale, pwogrè devlopman an, pa egzanp mache se yon etap enpotan nan devlopman lokomotè.

Tuesday, June 16, 2015

Pwofesyonel

 Yon tem ki kouraman itilize de 2 fason distenge: itilizasyon sosyolojik (jeneralman deplwaye nan liv sa a) konsantre sou mezi nan ki yon aktivite pwofesyonel ka defini tankou yon pwofesyon, e donk manb yo kapab nan tou pa yo defini antan ke pwofesyonel  yo. Nan analiz sa a, pwofesyon yo jeneralman oto regulate, epi yo nesesite yon wo nivo skolarite (jeneralman au mwen degre nivo a) pou sezi yo. Li  prezime ke pwofesyonel la gen yon baz konesans ki distenge, epi ki se posesè ansanb inik Konpetans yo. Yon itilizasyon pi frekan  mete aksan sou le fe ke pwofesyonel yo efektye tach pou rekonpans finansye yo- distenksyon ant foutbol pwofesyonel yo ak amate yo, pa egzanp.

Tuesday, June 9, 2015

Gran moun vilnerab yo

 Pou konsidere tankou vilnerab, moun ki aje yo dwe riske yon prejidis ke li fizik, emosyonèl, psikolojik osinon finansye an rezon de laj avanse yo epi la santé ak kondisyon sosyal yo ki karakterize laj saa.

Thursday, June 4, 2015

Ekip Aksyon Medikaman/Ekip aksyon dwòg ak alkòl

Ekip Aksyon Medikaman (DATs) osinon Ekip Aksyon Dwòg ak Alkòl (DAATs) se patenarya plizyè ajans kap travay pou enplemante strateji dwòg nasyonal la nan yon nivo lokal, pran desizyon stratejik sou depans ak prestasyon sèvis yo nan kat objektif strateji nasyonal dwòg  yo: tretman, jèn yo, kominote yo ak apwovizyonman DAT/DAATs pou veye ke travay òganis lokal yo reyini yon fason efikas e ke pwojè entèajans yo kowòdone avèk siksè.  

Monday, June 1, 2015

Psykoanaliz

 a) Yon teyori konpotman moun, jeneralman ki itilize pou dezinye teyori defandi yo pa Sigmund Freud, men li ka tou itilize pou fe referans ak teyori dinamik koneks yo tel  ke pou eksplore konpozant sou jasant yo de konpotman moun, ak  yon pwosede tretman de dives twoub mantal yo.

Friday, May 8, 2015

Konstriksyon sosyal

Asosye ak panse pos modèn, yon fenomèn ki konstui sosyalman, konstriksyon sosyal yo epi konstriktivitis sosyal la reflete nati fragmante, pasyel ak nati miltip reyalite ya.

Wednesday, April 22, 2015

Atou

zouti ki te devlope pa Komite Jistis Jèn ki itilize pa tout ekip jèn delenkan yo pou evalye risk residiv kay jèn yo. 

Monday, March 30, 2015

Jenogram

Yon mo teknik pou yon pye bwa jeneyalojik epi ki te itilize tankou mwayen pou ede fanmi yo idantifye manb enpòtan nan fanmi an ak fason ke yo te rapòte yo youn  ak lòt.

Thursday, February 26, 2015

Konesans pratik moral

 Konesans ki relatif e sibjektif, konprann pou konstui an repons ak sitiyasyon spesifik yo.

Thursday, February 12, 2015

Ente pwofesyonèl

Dekri kolaborasyon de osinon plizyè pwofesyonèl yo, pa egzanp aktivite entè pwofesyonèl ant yon travayè sosyal, yon enfimyè katye ya ak kominote enfimye psikyatrik, sa ki enplike ke yon sèten nivo kolaborasyon egziste ant yo.

Jenerisis

 Prensip selon li ki egziste yon baz komin avèk tout pratik travay sosyal yo;  prensip sa a kapab devlope yon preferans pou travayè sosyal yo pou reponn ak tout tip difikilte sosyal yo. An Grand Bretay, peryòd ki pwente pou travay sosyal jenerik la se te ane 1970 yo.

Saturday, January 31, 2015

Kad pou evalyasyon timoun an detrès yo ak fanmi yo

Zouti standa, ki etabli  pa ministè sante ya an 2000, pou idantifye bezwen yo ak enfòme desizyon yo sou sèvis ak soutyen.

Sunday, January 25, 2015

Pozitivis

Yon apwoch nan konpreyansyon konesans yo ki kwe ke li se yon fenomèn objektif, ki reji pa lwa inivesel yo ak dekouvri a trave rechech anpirik.

Friday, January 23, 2015

Moun ki santre nan planifikasyon

pwosesis planifikasyon la vi endividi yo, fonde sou prensip dwa yo, chwa ak enklizyon.

Wednesday, January 21, 2015

Sistem fanmi apwòch yo

 Apwòch pou travay avèk fanmi an difikilte yo, derive de teyori sistèm yo, ki wè fanmi tankou yon sistèm enteraktif, epi ki konsantre prensipalman sou travay avèk enteraksyon yo ant manb fanmi an.

Wednesday, January 7, 2015

Modèl echanj

Yon fason pou travay avek itilizatè sèvis yo ki rekonèt e respekte diferan Konpetans pwofesyonèl yo ak itilizatè sèvis ki ka kontribye avèk yon pwoblèm.

Friday, January 2, 2015

Swen enterim

 Swen enterim se yon peryod swen ant soti lopital ak yon moun ki pran yon opsyon pi pemanant. Sa ka petet swa yon nesesite travay re adaptasyon, osinon paske opsyon evalye ya preferel kòm yon moun ki poko disponib.