Monday, December 28, 2015

Spesyalizasyon

Prensip selon ki travayè sosyal yo te dwe spesyalize nan yon sel domen aktivite pito ke devni ekspe nan yon gam laj. Gen gradasyon spesyalizasyon; pa egzanp, nan domen spesyalizasyon timoun yon pratisyen travay sosyal kapab spesyalize li davantaj nan adopsyon ak pwomosyon osinon pwoteksyon timoun.

Wednesday, December 23, 2015

Parafrazan

Pote yon repons a yon moun yon fason ke li refòmile a orate ya de sa ke li te di nan yon fason pi senp e ki pi kout.

Monday, December 21, 2015

Pratik Reflektif

Kapasite pou puize nan yon laj evantay konesans, soti nan de sous fomel ak enfòmel yo pou enfòme pratik pwofesyonel la.

Refleksivite

Jeneralman asosye ak pratik rechech, refleksivite refere ak kapasite pou kritike pwop refleksyon ou epi pou idantifye prejije pesonel yo ki enfliyanse pwosesis rechech la.

Milti òganis

Tem sa a dekri enplikasyon de osinon plizyè òganis nan travay la ki pote sou byenet itilizatè sevis yo. Tankou tem nan endike li, plizyè ajans travay konsantre yo sou travay òganizasyon yo pito ke sou pratik travayè endividyel yo.

Sunday, December 13, 2015

Rechech Kalitatif

 Se yon metòd rechech ki mete aksan sou siyifikasyon ak eksperyans yo,  kote rechech la tante pou konprann la vi moun yo pandan etid la, konpotman yo, vale yo, kwayans yo, eks., nan pwend vi moun yo, yo menm. Nan reg jeneral la, apwoch ankèt la relativman yon ti kras striktire yon fason pou rechech la pi siseptib pou revele siyifikasyon eksperyans yo ak pito pou endividyel yo revele siyifikasyon ak eksperyans yo olye pou yo ta enpoze pèspektiv rechech yo. Tip done rekeyi yo: entretyen semi striktire, anrejistreman obsevasyon yo, gwoup diskisyon yo ak viyet ilistrasyon yo.

Ekip jen fotif yo

 Yon ekip miltidisiplinè ki genyen jeneralman travayè sosyal yo, ajan pwobasyon yo, travayè koneksyon yo, la polis, ak petet konseye nan santé mantal yo, pesonel edikatif, ak asistan pwofesyonel yo. Gouvenman egzije ke ekip sa yo gen responsablite direk de direkte jeneral otorite lokal nan rejyon kote yo rete ya, menm si yo jere souvan pa yon moun nan mitan ekivalan depatman sevis sosyal yo. Premye devwa ekip sa yo se pou prevni delenkans lan, epi yo responsab sevis tribunal yo, Jen yo sou lod tribunal la, ak jen an gad a vi yo, menm jan tou ak travayè prevansyon pou jen yo ki soumet pa egzanp pou enklizyon ak soutyen pwogram jenes la. 

Modenis

konpreyansyon sosyete tankou li te karakterize pa kwayans nan yon sèl verite objektif epi syantifik, eklere pa kad teyorik yo ak gran echèl.

Tuesday, December 8, 2015

Viyet

Yon istwa bref istwa ki ilistre yon eksperyans osinon yon evenman (pa egzanp, chatiman yon paran a yon timoun dezobeyisan) kote repondan yo ansuit envite pou diskite epi Reflechi sou sa. Se yon mwayen ki pou ede jwenn ransèyman pi koyeran sou santiman osinon atitid repondan yo, oubyen ede yo pou eksplore kek bagay ki te kapab difisil pou yo anvizaje spontane osinon pou diskite si yo te mande pou yo raple yo yon eksperyans pesonel. 

Monday, December 7, 2015

Ekonomi pwoteksyon miks

An vèti politik swen santé kominote yo, yon ekonomi miks sou byenet prezime pou reprezante konbinezon sevis piblik yo, sevis prive ak sevis ki bay pa òganis san bi likratif yo. Se varyete tip finansman sa yo ki rann yon ‘’ ekonomi miks’’.