Monday, April 7, 2014

kilti

Kilti se konsèp fondamantal ki gen ladann Antwopoloji. E.B. Tylor (1871), premye Antwopològ pwofesyonèl, te pwopoze yon definisyon pou kilti ki enkli tout eksperyans moun yo. "Kilti… se yon konplèks total ki gen tout sa nou pral di la ki enkli ladann, konesans, kwayans, ak, moral, dwa, koutim, ak tout yon seri lòt kapasite ak abitid ke yon moun kap viv nan yon sosyete kapab akeri." Antwopològ kontanporen yo pa’t mentni siyifikasyon kilti sa a. Moun yo te gen diferan langaj, kwayans, vale, mod manje yo, ak nom yo, oubyenkilti“ yo ki asosye avek plizye rejyon ki te varye menm jan a kounya. Kilti yo pa devlope de fason senp soti nan premye sivilizasyon yo jiska sivilizasyon modèn yo jan antwopològ 19em syèk yo te kwè a.

No comments:

Post a Comment